Pri viza dominiken yo koute an Ayiti toujou ap fè polemik an Repiblik dominikèn

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pri viza dominiken yo koute an ayiti toujou ap fè polemik an repiblik dominikèn
Alòske tansyon yo pa sispann ogmante ant Ayiti ak Repiblik dominikèn akòz tretman refijye ayisyen yo ap pran anba migrasyon kay vwazen, yon ankèt jounal dominiken Listin Diario apwofondi vin voye lwil sou dife a.
Wi, zafè kondisyon pou yon moun jwenn viza dominiken an Ayiti se yon veritab tèt chaje. Pyès konsila pa respekte pri viza ministè dominiken Afè etranjè a (MIREX) fikse yo, ki se ant 40 ak 60 dola selon tip la, daprè rezolisyon 2-07 la.
Mete sou sa, nan enfòmasyon menm enstans sila bay, aprè yon konsiltasyon ki fèt pou rapò sa, anketè yo jwenn viza yo koute 70, 80, 85 ak 90, daprè kategori a tou. Alòske konsila dominiken ki an Ayiti yo ak ajans ki sou rezo sosyal yo afiche divès pri ki varye ant 175 dola ameriken pou timoun ak 225 dola ameriken pou granmoun. Konsa genyen moun ki peye yo pi chè.
Jounal dominiken an revele anplis ajans vwayaj yo ki miltipliye pandan dènye ane sa yo, sitou sou mache nwa a,  tout sa malgre Repiblik dominikèn te fèmen pòt li yo nan peyi d Ayiti – pri viza yo pa sispann ogmante. An 2021 li te nan 400 dola ameriken, jodi a li nan anviwon 600 dola ameriken.
Malgre pwosesis pou jwenn dokiman sila koute yon pakèt kòb, moun ki fè demann lan gen anpil chans pou li pèdi lajan an akòz rezo kontrefè ki gen nan peyi a, mete sou kantite koripsyon ki te deja genyen nan konsila dominiken yo an Ayiti yo.
N ap raple kotidyen Listin Diario te mennen yon premye ankèt nan mwa avril pase sou menm dosye a, lè sa sitiyasyon an te deja kòmanse dejenere.
Li te revele, nan Juana Méndez (Wanament), pou yon vwayaj touris kay vwazen, pri yon viza te koute 200 dola ameriken.  Yon viza travay koute plis pase sa.
Sou tout rantre sila yo, se sèlman 20% revni, ki se 11,6 milyon dola, Leta dominiken te kolekte nan misyon konsila li yo ki sitiye nan Pòtoprens, Juana Méndez (Wanament), Ansapit, Bèladè ak Okap.
Daprè menm sous la, 79,5 milyon dola ameriken te ranmase nan 5 pwen sa yo pou delivre viza ant 2015 ak 2020.
Sepandan, nou dwe remake règleman MIREX yo otorize konsila yo kenbe lajan ki rete a yon fwa yo fin peye frè 20 dola a bay enstitisyon sa a pou pèyman yon viza, ki pral itilize pou kouvri depans administratif yo ak fonksyonnman sistèm jesyon konsilè a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.