Depi plizyè semèn, sipòtè ak benefisyè ayisyen yo ap plenyen sou pwosesis la, ki twò long pou jwenn otorizasyon vwayaj, nan kad pwogram « Pawòl imanitè » a. Gen kèk moun ki fè konnen yo te soumèt aplikasyon yo depi dezyèm semèn janvye a, kèk jou apre lansman pwogram sa a, men jis kounya yo poko ka jwenn repons.
Anbasad ameriken an nan yon seyans kesyon repons inisye sou rezo sosyal yo, sitou sou Twitter, pran ti tan pou reponn a kèk kesyon benefisyè potansyèl pwogram imanitè Biden nan, ki ap tann repons depi mwa janvye. Daprè sa Anbasad la rapòte pwosesis dosye yo pran plis pase 90 jou.
« Direksyon zafè imanitè USCIS (HAB) nòmalman pran dezisyon sou demann migrasyon kondisyonel yo sou 90 jou a konte lè yo resevwa yo. Si gen bezwen pou enfòmasyon anplis, trètman demann lan ka pran plis tan », te fè konnen Gouvènman Ameriken an, atravè Anbasad li an Ayiti, tout pandan li kontinye pou li di HAB ap resevwa yon pakèt demann migrasyon kondisyonèl nan moman an. Malgre I ap eseye trete tout demann migrasyon kondisyonèl yo yon fason ki rapid epi efikas.
« Ou sipoze mete nan tet ou trètman sa ka dire plis pase 90 jou », presize Anbasad la, ki fè konnen tou tan nesesè pou trete aplikasyon endividyèl yo pral depann de mezi sipòtè ak benefisyè yo pran, ansanm ak rezilta revizyon USCIS la. Nan premye pati nan pwosesis la.
