AN KREYÒLSPORTS

Real Madrid pral jwe final Mondyal klèb yo ak Al-Hilal 

Real Madrid respekte tèt li epi kalifye pou final Mondyal klèb yo nan peyi Mawòk. Jwè Carlos Ancelotti yo soufri anpil nan rankont lan. ayè mèkredi a, madrilèn yo rive genyen ekip Al-Ahly a (4-1) malgre difikilte yo. Real Madrid pral twoke kòn li ak klèb Sawoudyen an, Al-Hilal ki te bat Flamengo (3-2).

Anba anpil mizè Real Madrid rive genyen klèb ejijpsyen an nan 2zyèm demi final Mondyal klèb yo nan vil Rabat. Madrilyèn yo kraze ekip Al-Ahly a anba yon eskò 4-1.

Real Madrid san Bezema, Militao ak Courtois rive genyen gras ak Vinicius, Federico Valverde, Rodrygo ak Sergio Arribas. Pou dimanch k ap vini la a, Real pral jwe final Mondyal klèb yo ak Al-Hilal.

Vinicius ta pral ouvè kontè a pou Real nan 42zyèm minit, byen vit nan 2zyèm mitan an, Valverde ta pral fè 2zyèm gòl la nan 46zyèm minit. Ekip Al-Ahly la ta pral redwi mak la sou yon penal ak A. Maâloul nan 65kyèm minit nan jwèt la. Nan fen rankont lan Rodrygo (92zyèm) ak S. Arribas (98tyèm) minit, ta pral fini ak chanpyon afriken an.

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive