Pwogram Imanitè Biden :  » yon benefisyè ki antre Ayiti anvan delè 2 lane a pap ka tounen Etazini ankò  », daprè Blas Nunez-Neto

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Pwogram Imanité: yon benefisyè ki antre Ayiti pap ka tounen Etazini ankò
Blas Nunez-Neto, Asistan Sekretè Adjwen a.i pou politik fwontalye ak imigrasyon nan Depatman Sekirite Enteryè Etazini, fè konnen yon imigran ki soti nan peyi Kiba, Venezyela, Nikaragwa oubyen Ayiti  nan pwogram libète pwovizwa CHNV 134 la,  ki ta tounen nan peyi l anvan delè li a ki se 2 lane pap ka antre Etazini ankò.
Vrèman vre, Asistan Sekretè Adjwen a.i pou politik fwontalye ak imigrasyon nan Depatman Sekirite Enteryè peyi Etazini an te deklare,  » Yon benefisyè Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen oubyen Venezelyen ki vwayaje ale nen peyi Etazini nan kad pwogram Biden lan ki tounen nan peyi l avan 2 lane an pap kapab retounen Etazini ankò avèk menm Viza sa a”.
N ap raple, Libète imanitè a pèmèt yon resòtisan antre legal ak yon pèmi travay pou 2 lane nan peyi Tonton Sam.
Gouvènman Joe Biden nan te anonse nan kòmansman mwa janvye a, agrandisman yon pwogram ki pral pèmèt jiska 30,000 moun ki soti nan divès peyi tankou ; Venezyela, Kiba, Nikaragwa ak Ayiti antre Ozetazini chak mwa, konsa, administrasyon l lan elaji yon plan li te lanse nan mwa Oktòb 2022 pase a, pou bay viza imanitè ak Venezyelyen yo.
Pou kalifye pou li, migran ak refijye yo dwe ranpli yon seri kondisyon tankou ; rive nan yon avyon, genyen yon moun k ap viv Etazini kòm esponnsò epi ki ka pwouve, y ap ka sipòte benefisyè a nan diferan adaptasyon yo nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.