Ki enpak ensekirite a genyen sou popilasyon ayisyèn nan pandan dènye jou sa yo?

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
ki enpak ensekirite a genyen sou popilasyon ayisyèn nan pandan dènye jou sa yo
Sa fè kèk tan popilasyon ayisyèn nan ap viv yon ensekirite san parèy, pandan 2 dènye ane sa yo sitiyasyon an vin pi grav, yo viktim divès zak tankou; vyòl, kidnapin, genyen yo boule tou vivan, genyen se bal maron elatriye. Pèp la lage 2 bra pandjye pa gen pèsòn ki janm vin pote yo sekou.
Gen sitwayen ki rive pèdi bon sans yo koz jan y ap monte syèl la pa do chak jou BonDye mete. Genyen ki fè maladi yo pat menm panse, genyen tou ki menm rive fè vwèl pou peyi san chapo. Plizyè nan yo konn ap pale pou kont yo pandan y ap mache nan lari, tèlman pwoblèm peyi a ap sakaje yo.
Anpil ladan yo pèdi tout sa yo te posede, lèn konsidere sitwayen ki te abite nan zòn matisan yo. Malgre yo di lapè fèt men pou jis kounya yo poko ka tounen lakay yo. Plizyè nan moun sa yo te oblije al viv nan mache pwason lawochèl la, ki twouvel nan fontamara 43, genyen tou ki tal viv nan sant espòtif kafou a.
Malgre tout tribilasyon pèp la te rankontre pa gen okenn otorite ki mande yo sa yo pote pou vann. Nan peyi devlope yo responsab yo bay pèp la anpil enpòtans, yo byen jwe wòl yo, chak sitwayen konn dwa yo ak devwa yo. Poutan, pabò isit se kontrè a ki toujou fèt.
Nèg ak zam donnen tankou djondjon sou teritwa nasyonal la. Ayiti se premye peyi gang legal konsa, yo enpoze lwa yo jan yo vle, dayè yo montre yo gen bwa dèyè bannann yo, yo pa pè anyen pèsòn moun pa ka di yo ni monte ni desann. Daprè enfòmasyon yo, se toujou menm lidè peyi a ki founi yo minisyon pou yo detwi lavi ti malere ak ti malerèz k ap chèche kote lavi fè kwen.
Jis kilè nasyon ayisyèn nan ap rale yon souf anba men nèg ak zam san fwa ni lwa sa yo k ap fè yo monte yon kalvè san rete? Jis kilè peyi a ap gen yon lidè onèt k ap gouvènen l? Èske pèp ayisyen an ap kontinye viv nan wont sa pou tout rès vi yo? Oudimwens! èske yo ka espere yon ti van chanjman sou peyi a yon jou?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.