« Pyès moun pa dwe kache bandi lakay yo nan Leyogàn si yo vle viv », deklarasyon majistra Ernson Henry

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
pyès moun pa dwe kache bandi lakay yo nan leyogàn si yo vle viv, deklarasyon majistra ernson henry (1)

Majistra komin Leyogàn lan Ernson Henry, nan kad yon konferans li bay ayè 17 me 2023 a, lanse yon pinga ak tout abitan komin lan ki ta gen entasyon sere bandi lakay yo pandan moman twoublan bandi san fwa ni lwa yo ap konnen an, sitou nan metwopolitèn Pòtoprens lan.

Se ak yon santiman pridans majistra komin Leyogàn lan anonse yon seri mezi pou fè fas kare ak bandi san fwa ni lwa ki swete al kache nenpòt kote nan vil Leyogàn yo. Misye Ernson Henry deklare:  » kote ki gen sitirè, toujou gen vòlè. Si yon moun gen malè ebèje yon gwoup oubyen yon manm gang lakay li nan Leyogàn, sa w pran se pa w », pandan l anonse li deja chita pale ak plizyè enfòmatè nan kad operasyon sila a paske yo pa p aji san bon jan enfòmasyon.

Se pa sèlman komin Leyogàn ki tanmen misyon sa a, meri komin Aken an li menm tou lanse menm inisyativ lan, tout pandan yo anonse gen lòt komin tou ki dakò rantre nan lamayòt la, toujou nan menm sousi a, pou elimine pwodiksyon gang lan nan tout peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.