Manchester City pran plas li pou final Lig dè Chanpyon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
manchester city pran plas li pou final lig dè chanpyon an

Yon viktwa san pitye pou Manchester City sou Real Madrid (4-0) nan Etihad Stadium lan ki tou asire plas li pou final Lig dè Chanpyon an k ap gen pou jwe nan peyi Turquie, presizeman nan vil Istanbul.

Aprè match nil (1-1) semèn ki sot pase a nan Santiago Bernabeu a, de ekip yo te gen obligasyon pou genyen jodi mèkredi 17 me a pou kapab al jwe final konpetisyon an. Yon match ki fini nan avantaj Citizens yo ki kraze Real Madrid (4-0).

- Advertisement -
Ad imageAd image

Antrenè espanyòl Manchester City an, Pep Guardiola, ki te kòmanse avèk menm ekip ki te jwe match ale a, reyisi kalifye Sky Blues yo pou yon dezyèm final Lig dè Chanpyon nan istwa yo avèk prensipalman yon gwo pèfòmans pou mitan tèren potigè a, Bernado Silva, ki make yon double.

Citizens yo ki domine match sa depi kòmansman jiska kout siflè final abit polonè a, Szymon Marciniak, klase “Merengue” yo (4-0). Akote double Bernado Silva a, Manchester City te kapab konte sou yon otogòl defansè brezilyen an, Éder Militâo te make nan 76èm minit, avan atakan ajanten an, Julian Alvarez, ta pral fè dènye gòl match la nan tan adisyonèl.

Manchester City k ap kouri dèyè tit Lig dè Chanpyon an depi yon bon 10 lane, gen opòtinite pou finalman ranpòte l pou premye fwa nan istwa yo avèk final sa yo pral gen pou jwe 10 jen k ap vini la nan vil Istanbul kont ekip Inter Milan an ki te jwenn kalifikasyon l ayè madi a aprè viktwa yo (1-0) sou Milan AC.

N ap mansyone, atakan nòvejyen an, Erling Haaland, ki se meyè bitè konpetisyon an, pa rive make nan seri demifinal fas Real Madrid la, malgre 5 gòl Citizens yo. Cyborg la te bite pandan plizyè fwa sou yon bon Thibaut Courtois ki te anpeche madrilèn yo pran plis gòl toujou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.