NETALKOLE

Raoul Pierre Louis pèdi pòs Prezidan konsèy administrasyon BNC an

Gouvènman ayisyen an ki gen nan tèt li Garry Conille, mele ak Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, pran desizyon retire Raoul Pierre Louis nan tèt administrasyon BNC an. Yon desizyon ki vini aprè grav akizasyon koripsyon ki fèt sou twa konseye prezidan.

Nan kad chanjman pasi pala k ap fèt nan administrasyon piblik la sou nouvo tranzisyon sa, yon lòt konsèy administrasyon pral pran tèt Bank nasyonal kredi (BNC) aprè revokasyon Raoul Pierre Louis ki te akize nan jou ki sot pase yo Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin ki ta mande l 100 milyon goud pou l te kapab rete nan pòs li.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo, yon komisyon jesyon 5 manm, avèk 4 anplwaye BRH, pral gen pou pran tèt administrasyon BNC an pou ranplase Raoul Pierre Louis ki deja gen lèt revokasyon l nan men l. Depi 23 jiyè, Konsèy prezidansyèl la te deja ekri Premye minis lan pou l mande BRH mete sou pye komisyon jesyon sa.

Daprè Métronome, komisyon jesyon 5 manm sa pral gen pou misyon reyalize yon dyagnostik òganizasyonèl sou fonksyònman bank lan, pwopoze bon jan pis pou amelyorasyon epi reyalize yon odit sou sekirite sistèm enfòmatik lan, ak lòt tach ankò.

Annatandan, Raoul Pierre Louis ak rès ekip li an ap kontinye jere konsèy administrasyon BNC an jiska enstalasyon komisyon jesyon Primati mete an. N ap note, konsèy administrasyon ki la pa t fonksyonèl akoz manm yo ki pa t konplè.

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.