Real Madrid ak Liverpool genyen avan match chòk Champions League la madi 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
real madrid ak liverpool genyen avan match chòk champions league la madi 

Ekip Liverpool la genyen Newscastle (2-0) gras ak Nunez epi Gakpo avan match chòk nan Champions League la fas ekip Real Madrid la. Yon lòt bò Real Madrid rive genyen Osasuna 2-0 ak yon gwo Vinicius. Valverde ak Asensio se bitè pou madrilèn yo.

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Liverpool ak Real Madrid genyen sou menn rezilta (2-0) avan match ale yo nan 8tyèm final Champions League la. Real Madrid ki pat gen Bezema, bat epi rapwoche l ak Leader Liga, Barcelone, ki gen pou l jwe fas ekip Cadiz la demen dimach lan. Bò kote Reds yo, viktwa sa ede yo monte nan 8tyèm klasman Premier League la.

 

Ekip Liverpool la ki poko pèdi yon match nan chanpyona lakay li, bat Newcastle aprè siksè yo fas ekip Everton nan (2-0). Darwin Nunez (10zyèm minit) te ouvri mak la pou yo epi Cody Gakpo te fè break la nan 17tyèm minit. Liverpool pare pou l resevwa Real Madrid nan Anfield la.

 

Real Madrid bò kote pa l pran yon 3 pwen enpòtan fas ekip Osasuna. Vinicius pa fè gòl men li te malmenen los Rojillos yo. Premye mitan match la te fini 0-0. Nan dezyèm mitan Madrilèn yo ta pral soti grif yo, Valverde (78tyèm) tap pral ouvri mak la aprè yon bèl pas Vinicius epi Marco Asensio, ki te antre nan match ta pral make epi sele viktwa ekip Real la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive