Bayern Munich vale dlo dan l fas Mönchengladbach

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
bayern munich vale dlo dan l fas mönchengladbach

Machin bavarois fè yon kanpe fas ekip  Mönchengladbach la (3-2) aprè bèl viktwa li nan Champions League la fas ekip PSG a. Gòl Choupo-Moting ak Mathys Tel ,yo pat ase pou ekip Bayern nan te genyen nan kad 21nyèm jounen Bundesliga. Bavarois yo ka pèdi tèt klasman depi ekip Union Berlin an ta genyen Schalke 04. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bayern pedi yon 3 pwen enpòtan nan Bundesliga, fas ekip Mönchengladbach la, jodi samedi a, rankont sa fini 3-2. Defèt sa ka koute Bavarois yo chè si ekip Union Berlin an ta genyen demen pou 21nyèm jounen chanpyona almann an.

 

Jwè Naglesman yo ta pral jwe an mwens aprè Dayot Upamecano, te pran katon wouj nan 8tyem minit. Bayern batay anpil men sa pa anpeche yo pèdi rankont lan. Nan 13zyèm minit Lars Stindi ta pral ouvè mak,  epi Choupo-Moting ta pral egalize, 2 ekip yo te soti nan premye mitan ak egalite.

 

Pou dezyèm pati a, ekip Bayarn nan ta pral pran 2 lòt gòl, youn nan 55kyèm minit ak Jonas Hofmann epi Marcus Thuram ta pral sele viktwa Mönchengladbach. Nan fen match la Mathys ta pral redwi mak la pou Baryern, sa pat sifi, ekip la tonbe aprè l te fin bat PSG nan Champions League la.

 

Sa fè 2 defèt pou Bayern  nan Bundesliga pou sezon sa, aprè li te pèdi fas ekip Ausgbourg la (0-1), 17 septann pase.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive