Real Madrid k ap deplase pou yon match chòk nan Champions League la fas Liverpool, demen madi 21 fevriye 2023 a, pap ka konte sou Aurélien Tchouameni, Ferland Mendy ak Toni Kroos. 3 eleman enpòtan pou gwoup Ancelloti a, yon fwa ankò pou sezon sa, Real ap oblije jwe san kèk jwè enpotan.
San Aurélien Tchouameni, Ferlan Mendy ak Toni Kroos, Real Madrid pral afwonte Liverpool nan chòk jounen Champions League la nan kad 8tyèm final ale, san 3 jwè enpòtan sa yo. Yon rankont ki desizif anpil pou madrilèn yo pou sezon sa, san bliye Liverpool ki anvi pran revanj li sou ekip Real la aprè 2 final li pèdi fas ak Merengue yo.
Tchouameni ak Kroos pat jwe match fas Osasuna a (4-0) pou pwoblèm grip epi Mendy li menm gen yon blese nan janm goch li, jwè fransè a kontinye ap pran swen.
Men Real Madrid ap kapab konte sou Benzema ki te pran repo pou match samedi a nan Liga a, epi Lucas Vazquez ap tounen pou afwonte Liverpool nan Anfield la.
Men gwoup kap afwonte Liverpool demen nan Anfield la pou Real Madrid :
Courtois – Lunin – Luis Lopez- Carvajal, Militao – Alaba – Vallejo – Nacho, Odriozola – Lucas Vazquez – Rudiger – Modric – Camavinga – Valverde – Ceballos Mario – Martin – Arribas – Hazard – Benzema – Asensio, Vinicius – Rodrygo – Alvaro.
Facebook Comments