Repiblik Dominikèn fèmen anbasad li an nan Pòtoprens ak tout konsila li yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Foto : AyiboPost

Akoz sitiyasyon sosyopolitik yo k ap degrade chak jou pi plis nan kapital la ak nan plizyè vil pwovens, Repiblik Dominikèn deside fèmen anbasad li an nan Pòtoprens ak konsila li yo ki nan peyi an. 

Pou evite tout eskalad fas ak monte sèn vyolans ak piyaj k ap anrejistre nan diferan pwotestasyon k ap fèt nan rejyon metwopolitèn lan ak divès vil pwovens, Repiblik Dominikèn deside fèmen misyon diplomatik li an nan Pòtoprens e mennen tout pèsonèl biwo li yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon jounal dominiken Listin Diario rapòte, sèlman fòs espesyal dominiken yo ap rete nan lokal anbasad la pou kapab garanti sekirite espas la e ede lòt misyon diplomatik etranje ki ap kite peyi an. 

Mezi sa vini aprè plizyè lòt misyon diplomatik etranje te deja pran menm desizyon sa pou fèmen anbasad yo ki nan peyi an aprè degradasyon sitiyasyon sosyal ak politik yo avèk mouvman lari yo k ap agrave chak jou pi plis atravè anpil sèn vyolans ak eskalad ki pa sispann anrejistre. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.