Pati politik RASANBLE felisite pèp la pou mouvman yo, epi pwomèt yap akonpanye yo pou dechouke Ariel 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
pati politik rasanble felisite pèp la pou mouvman yo, epi pwomèt yap akonpanye yo pou dechouke ariel  (1)

Estrikti politik RASANBLE ansanm ak 13 lòt Pati Politik ki akonpaye li yo voye yon gwo kout chapo pou popilasyon an nan 4 kwen peyi a, ki toujou kenbe flanbo mobilizasyon an byen wo nan fè tande revandikasyon yo. RASANBLE ak alye li yo voye jete byen lwen deklarasyon Ariel Henry te fè dimanch 11 septanm lan pou monte pri gaz la andedan ponp yo. 

Estikti a konstate nan adrès ak nasyon sa a, Ariel Henry fè prèv  enkapasite li genyen yon lòt fwa ankò pou dirije nasyon an. Olye pou PM nan pote solisyon ak problèm gaz la, li prefere fè chwa ki pi fasil la kise monte volim lamizè popilasyon an.    

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lidè yo nan RASANBLE a di yo wè Ariel Henry pale ak anpil awogas san li pa pote okenn solisyon ak problèm sekirite a kap fini ak fanmi yo epi ki pa sispann fè dlo koule nan je popilasyon an kèk jou menm anvan rantre lekòl la. « Nou sezi wè Ariel Henry konsidere tèt li tankou yon moun kite pran pouvwa lap dirije a nan eleksyon. » Se sa a nou te kapab li nan nòt sa a. 

« RASANBLE ak alye li yo ap fè Ariel Henry konnen li pa gen okenn lejitimite politik depi 7 Fevriye 2022 pase a. Li paka fè pèsòn leson politik nan peyi a. Nap raple tou li pèdi konfyans  majorite  klas politik la ak popilasyon an te fè’l la. » Nòt la ap kontinye. 

Kidonk, yo vle fè konnen Ariel Henry pa genyen pou li fè pèsonn lalwa sou kijan pou moun pran pouvwa. 

« Ariel Henry ou echwe. Ou pakapab pote solisyon ak mizè pèp la. » « Nou profite mande PM defakto a nan ki peyi epi nan ki klima politik li pral fè eleksyon li wè nan rèv li a ?  » toujou nan nòt la 

Pi lwen, RASANBLE mande ak10 Senatè  eli, lejitim ak konstitisyonèl yo pou pran prese prese tèt dyalòg politik la akonpanye ak klas politik la, sektè prive a pou fè yon vrè chita pale nan sousi pou poze vrè pwoblèm peyi a epi jwenn yon nouvo akò politik pou yon lòt gouvènman tranzisyon ki pou vini ak solisyon ki kapab rezoud kesyon ensekirite a , epi reyalize eleksyon jeneral andedan peyi a.    

RASANBLE ak 13 lòt pati politik yo rete atache ak valè demokratik yo epi fè konfyans ak manman lwa peyi a kise konstitisyon 1987 amande a.  » Si 10 senatè eli, lejitim yo pa vle pran responsabilite yo pou pran tèt dyalòg politik la. Nap akonpanye popilasyon an pou l pran responsablite l pou debarase peyi a ak ekip Ariel Henry a. » Deklarasyon ki te fini nòt sa a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.