Categories: AN KREYÒL ECONOMIE

Revizyon yon lòt fwa ankò nan orè fonksyonman Bank yo

Share

Nan kad desizyon eksepsyonèl k ap pran nan kesyon orè fonksyonman sikisal bank yo sou teritwa a, Asosyasyon pwofesyonèl bank yo anonse pou semèn k ap vini an sikisal yo ap ouvri ak kliyan yo lendi, jedi ak vandredi. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon nòt piblik ki sòti ayè madi 26 oktòb 2022 a, Asosyasyon pwofesyonèl bank yo anonse desizyon ki pran pou ouvri sikisal yo jounen lendi, jedi ak vandredi nan semèn k ap vini an, nan lide pou ranplase mekrèdi 2 novanm nan ki konsakre pou mò yo. 

Daprè nòt sa ki rive nan sal redaksyon an, nouvo revizyon oré fonksyonman sikisal yo ap rantre an aplikasyon apati lendi 31 oktòb. APB toujou kenbe orè twa jou pa semèn ki ap aplike depi premye oktòb la. 

Yon dispozisyon ki pran pou fè fas ak kriz gaz sa peyi a ap konnen depi plizyè mwa kote pi gwo tèminal estokaj gaz nan peyi a, Varreux, bloke nan kad revandikasyon nèg ak zam ap fè pou mande Premye minis la kite pouvwa a. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: apb