Sadio Mané fòfè pou uityèm final Champions League la !

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
sadio mané fòfè pou uityèm final champions league la !
Nan mwens pase yon mwa, Bayern Munich ap gen pou l rann PSC vizit nan Parc des Princes lan nan kad uityèm final Champions League la. Sadio Mané déjà rate match sila a.
14 Fevriye k ap vini la a, anpil moun pral chèche fè kè ti boubout yo kontan ak flè epi chokola. Nan yon lòt bò fanatik boul yo pral chèche plezi pa yo paske Champions League la ap tounen avèk uityèm final ale yo k ap tanmen.
Youn nan chòk uityèm final sa se PSG k ap toke kòn li ak Bayern Munich. Match sa ap jwe jou Sen Valanten an menm nan Parc des Princes lan. Malerezman pou Bavawa yo, Sadio Mané deja fòfè pou rankont foutbòl sila a.
Vedèt Senegalè a blese depi avan Mondyal 2022 a. Li pa t patisipe nan konpetisyon an menm avèk Lyon Téranga yo. Malgre tout efò ki fèt pou jwè a rive rekipere a tan pou chòk sa, li p ap gentan bon.
Se pa yon bon nouvèl pou Bayern k ap bezwen tout pi bon eleman l yo pou l batay ak ekip PSG. Petèt yo ka espere jwenn Mané pou match retou a k ap fèt nan mwa mas.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.