Ariel Henry salye pwofesyonalis polisye yo ki toujou ranpli misyon yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ariel henry salye pwofesyonalis polisye yo ki toujou ranpli misyon yo
Direktè jeneral Polis Nasyonal Dayiti a (DGPNH), Frantz Elbé, ak plizyè manb nan wo kòmandman lapolis la, resevwa vizit senpati premye minis peyi a Ariel Henry, ayè 22 janvye 2023 swit ak lanmò trajik enstitisyon polisyè a fè nan komin Petyonvil dènyèman an, kote 4 polisye pèdi lavi yo anba bal gang Vitelhomme Innocent yo, nan zòn Metivier.
Chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) Ariel Henry nan sikonstans sila te adrese mo senpati li ak Polis Nasyonal Dayiti a (PNH), li prezante tankou yon gwo fanmi, epi ak paran polisye viktim yo.
Lokatè Primati a te tou pwofite salye pwofesyonalis PNH la ki kontinye ap ranpli misyon l ki se pwoteje ak sèvi popilasyon ayisyen an.
N ap raple vandredi 20 janvye 2023 a, bandi ak gwo zam fann fwa te atake yon patwouy polis ak yon chofè kamyon nan zòn Metivier, Petyonvil, pandan yon anbiskad. Nan menm atak sila gen yon polisye ki sòti blese epi gen yon lòt ki disparèt jiskaprezan.
Swit ak dram sila plizyè gadyen lapè patikilyèman nan komisarya Petyonvil la te revòlte epi menm arive agrese siperyè yerachik yo, sa ki ta pral lakòz DGPNH la pran lapawòl pou mande polisye yo retounen nan kalm yo.
Depi aprè atak sila, ki atribiye ak gang Vitelhomme Innocent an k ap kòmande yon pati nan Taba ak Petyonvil, komin Petyonvil rete sou sispenns,  tout moun ap degaje yo regle koze yo pou rantre lakay yo menm si aktivite yo reprann menm jan sa te ye deja a, daprè konsta nou fè jodi lendi an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.