Sen Mak : Lapolis mare tankou krab lokatè yon ponp gaz ki ta pral vann gaz ilegal 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
sen mak lapolis mare tankou krab lokatè yon ponp gaz ki ta pral vann gaz ilegal 

Nan kad yon vire won lapolis ansanm ak jij Jacques Edouard epi 2 reprezantan ministè komès ak enditri tap fè jou ki te 6 septanm 2022 a nan rantre Nò vil la, ajan fòs lòd yo rive mete men nan pat kasav yon endividi ki rele Ralph Duclos, abò yon kamyon ki chaje ak gaz ladan l ki ta pral vann li nan move kondisyon, selon yon rapò komisè ai pakè Sen Mak la Moïse Derestin pibliye. 

Nimewo 1 pakè a bò kote pa l fè konnen, kèk anketè te  sinyale l pratik endividi a ap mennen depi kèk tan nan biznis gaz la, li tap tann bon moman an pou l te met lapat sou li,  » Nou detèmine pou nou kontinye jan de operasyon sa yo nan bon jan kondisyon legal epi mete anba kòd tout malfwa ki pa deside mache dwat » Li te pale konsa nan yon pwen pou laprès aprè arestasyon direktè ponp lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kouwèl ye la a Ralph sou kontwòl DCPJ ap reponn kèk kesyon pou konnen kiyès ki nan menm mouvman ak li li rekonèt, epi tann pouswit jidisyè yo jan lajistis mande sa a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.