Elyata Joseph ak Lovelie Elygeune, se non 2 medam sa yo lapolis arete pou konfyolo seksyèl yo ak bandi ki fè pati asosiyasyon kriminèl Savyen an, anpil moun konnen sou non » Baz Gran Grif » kap simen latwoublay nan (Ti Rivyè Latibonit) depi yon bon bout tan.
Operasyon sa a te mennen ayè mèkredi 7 septanm nan pa twò lwen komisarya Sen Mak. Se yon pratik ki pa sispann fè pale de li sitou nan katye popilè yo, jenn medam yo pataje gwo relasyon anmourèz ak gwo chèf bandi ki souvan rele tèt yo » Bòs, Kòmandan, Jeneral, Chèf, DG poun site sa yo sèlman.
Tou 2 medam yo nan men DCPJ ap reponn kesyon sou aktivite yo epi wòl yo te jwe nan mitan mesye yo, Toutfwa, yo avwe yo pataje kabann ak prezime asasen sa yo, fòk nou raple tou semèn ki sot pase a lapolis te arete 3 moun yo te sispèk ki fè pati menm twoup sa a pami yo te gen yon fanm.
