Senatè Edward J. Markey felisite administrasyon Biden lan pou TPS la li pwolonje pou ayisyen yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
senatè edward j. markey felisite administrasyon biden lan pou tps la li pwolonje pou ayisyen yo
Aprè anons sekretè Depatman sekirite enteryè a, Alejandro Mayorkas, sou pwolongasyon ak redeziyasyon TPS la pandan 18 mwa anplis pou ayisyen k ap viv Etazini yo, senatè Edward J. Markey felisite administrasyon Biden lan pou desizyon sa.
Senatè Massachusetts la ki se manm komisyon senatoryal relasyon etranje nan palman ameriken an pibliye yon mesaj jounen madi 6 desanm lan pou felisite administrasyon Biden lan ki reponn ak apèl yo te lanse pou ayisyen yo ki nan pwogram estati pwoteksyon tanporè a (TPS).
Daprè Senatè Edward J. Markey, desizyon sa ofri benefisyè TPS yo posiblite pou kontinye rete manm aktif nan kominote y ap viv lan, soutni fanmi yo epi ranfòse ekonomi ameriken an kòm travayè esansyèl elatriye…
Senatè demokrat la fè konnen se devwa devwa peyi Etazini pou soutni ayisyen k ap rantre sou teritwa ameriken an ansanm ak tout fanmi yo nan moman sa kote twoub politik, vyolans gang ame ak kriz sanitè ap fè raj an Ayiti. Edward J. Markey mande egalman pou estabilite retounen nan peyi a.
N ap raple, nan mwa oktòb ki sot pase a, Senatè Markey, nan yon lèt li te asrese ak administrasyon Biden lan, te mande 15 nan kòlèg li yo pou pwolonje ak redeziyen TPS la pou Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.