Ameriken yo pral pote èd pou popilasyon Jeremi a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ameriken yo pral pote èd pou popilasyon jeremi a 

Ameriken yo pral pote èd lasante pou plis pase yon semèn bay popilasyon Jeremi an,  dapre sa Anbasad Ameriken an Ayiti  a fè konnen nan yon nòt pou laprès li pibliye nan dat ki te  6 desanm 2022 a. 

Daprè nòt pou laprès  la, bato lopital USNS Comfort a  ap rive an Ayiti  nan dat k ap 11 desanm 2022 a, e li pral rete la jiska 17 desanm 2022.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vizit sa a fè pati misyon « Continuing Promise 2022 » (CP22) Marin Ameriken an ki pral deplwaye pandan 2 mwa nan Amerik Latin ak Karayib la nan kad yon misyon asistans medikal. 

Daprè Anbasad Ameriken an, Ayiti pral dènye kote bato sa a pral fè eskal li pandan misyon sa a nan Pò Jeremi an. Yo pral konsantre sou kote ki te frape pi fò nan katastwòf natirèl ki sot pase yo. 

Anbasad la remèsye Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ayisyen an (MSPP) paske yo akeyi misyon sa a, tout  pandan li fè konnen Ekipaj bato lopital Comfort la pral travay ak ministè a ak patnè entènasyonal yo pou bay swen espesyalize pandan y ap nan pò a. 

Ekip medikal USNS Comfort yo pral travay ansanm ak pwofesyonèl medikal nan tout peyi a pou bay yon varyete sèvis medikal pou granmoun ak timoun nan sit medikal, tankou: optometri, dantè, swen pou granmoun, ak pedyatri. 

Pou benefisye sèvis medikal USNS Comfort pral bay soti 13 pou rive 15 desanm 2022 a, tout pasyan potansyèl dwe enskri ak reprezantan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), nan Jeremi.  Kote randevou yo ap fèt sou Plas Alexandre Dumas.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.