Sendomeng : Yon Ayisyen mouri nan yon rivyè pandan li tap eseye sove yon bèf 

Witson Beaujour
Par
Witson Beaujour
Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.
- Rédacteur
Foto : Rivyè Hondo: The San Pedro Sun

Gérard Jean, se non sitwayen Ayisyen sa a ki pèdi lavi li ayè Mèkredi 21 septanm 2022 a nan San Pedro de Macorís, yon vil nan Repiblik Dominikèn, pandan li tap eseye sove lavi yon bèf nan yon rivyè nan peyi Sendomeng 

Sitwayen Ayisyen an, Gérard Jean, nwaye pandan li tap eseye rale bèf la nan yon rivyè ki pote non « Hondo », nan vil batey Ulloa, ki twouve l nan komin Quisqueya pwovens San Pedro de. Macoris. 

Daprè sa enfòmatè nou nan peyi vwazen fè nou konnen, Gérard Jean te wè kouran dlo a ki tap trennen bèf la. Nan menm moman an, li tap fè mannèv pou l te  wete bèt la fas danje rivyè a, domaj se li menm ki viktim.  Jiskaske yo te vin jwenn kadav Ayisyen an bò yon pon ki pote non « Olloa. » 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.