Sèvis demann legalizasyon ak viza Meksik yo disponib, daprè anbasad la 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
sèvis demann legalizasyon ak viza meksik yo disponib, daprè anbasad la 

Nan yon avi li pibliye ki afiche sou kont twitter li, Anbasad peyi Meksik an Ayiti fè tout moun ki enterese yo konnen nouvo randevou li yo deja disponib depi ayè madi 10 janvye 2023 a. 

Anbasad Meksik an Ayiti a fè konnen nan yon tweet, tout moun ki enterese pran yon randevou pou viza ak pwosesis legalizasyon, yo ka jwenn aksè nan lyen sa a  » http://citas.sre.gob.mx  » pou pran kèk randevou. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men kijan pwosesis lan ye 

Yon fwa ou jwenn aksè nan lyen anbasad la, ou kapab chwazi opsyon « Visas con autorización del INM », men fòk ou deja genyen yon otorizasyon migrasyon Meksiken (NUT). Si w bezwen yon viza elèv ou ka chwazi opsyon « Visas sin autorización del INM », epi si se yon dokiman ou bezwen legalize, ou kapab chwazi opsyon « Certificados, legalizaciones y visados ». 

 » Ou ka remake byen, sèvis randevou a deja disponib gratis sou sit entènèt Anbasad la depi madi 10 janvye 2023, nan lè 7:00 p.m. « Si w pa pran yon randevou ki pa koresponn ak pwosedi w, yo p ap okipe w », toujou daprè presizyon anbasad la. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.