Aprè plizyè mwa ap dòmi leve anba kout bal, popilasyon Bèlè a resi rale yon soupi. Jeunesse Engagé pour la Rénovation d’Haïti (Jere Haïti), ki se yon òganizasyon ki regwoupe divès jèn tanmen yon restoran kominotè nan kèk zòn sitou Fò Nasyonal, andedan Bèlè, nan sousi pou fasilite tout pitit katye a manje ak sèlman 50 Goud.
Nan katye popilè yi sitou kote gang ak zam san manman yo ap teworize yo, si n ap site Matisan, Site Solèy, Laplèn, Kwadèboukè, Bèlè sa yo sèlman, posibilite pou moun yo manje a se yon tèt chaje. Pratik restoran kominotè yo tabli kò yo sou prèske tout tèritwa nasyonal la nan lide pou te fasilite moun ki paka manje yon manje gran panpan pou yon pakèt lajan ka manje l pou yon bouda monnen.
Junord Jean Baptiste, ki se youn nan responsab yo nan òganizasyon an te aksepte fè yon ti bat bouch ak nou. Li eksplike se yon aktivite ki deja ap kouri sou plizyè semèn, yo bay manje a nan pri 50 Goud la soti lendi pou bout vandredi, prèske tout rezidan yo anbwase inisyativ la, si n ta kwè kèk temwanyaj.
“Pou pi piti nou bay ant 400 jiska 500 moun manje ak pri a, moun yo renmen anbyans lan, menmjan nou menm nou pran plèzi ladan l paske se devwa nou kòm sitwayen”, te relate Junord pandan li fè konnen, gen moun ki vle pou aktivite sa a pa janm fini.
Nan zafè bay manje nan zòn sitou nan katye popilè yo, dwe genyen soutyen dyaspora a oubyen kèk òganizasyon enfliyan, pou omwen kenbe yon konsistans. Nan ka Jere Haïti a, se dlo ki bat ki konstwi bè a, ” Se nou menm ak sa nou genyen, ki rann aktivite sa posib, sa ki ka bay diri, lwil ak lòt bagay kole pyese pou nou reyisi mouvman sa”.
Kòm garanti ekip la pwomèt depi yo jwenn soutyen kèk lòt sitwayen konsekan, y ap kontinye ak distribisyon an, pandan yo pa ekate posibilite pou fòs lòt òganizasyon ki pataje menm vizyon an swa rejwenn yo oubyen swiv kouran an. Yo garanti tou se yon travay sosyal k ap fèt men ki pa gen anyen pou wè ak politik jan anpil moun ta panse l la.