San ekip depi kèk tan, aprè revokasyon Ajanten an nan tèt ekip PSG a, Mauricio Pochettino nan pou pale ak dirijan Chelsea yo, pou l kapab pran tèt ekip Blues yo sezon k ap vini. Yon enfòmasyon medya Britanik lan, TalkSPORT fè konnen. 2 pati yo kapab mete yo dakò nan fen semen nan.
Ekip Chelsea a kap konnen yon move moman sezon sa, aprè yo te fin voye Thomas Tuchel ale, Graham Potter epi pran Frank Lampard pou asire enterim nan, anyen pa janm mache pou klèb vil Lond lan. Dirijan yo nan diskisyon ak Mauricio Pochettino pou ta vin pran tèt ekip la sezon k ap vini. Daprè TalkSPORT antrenè Ajanten an kapab di wi nèt ak dirijan Chelsea yo.
Ansyen antrenè PSG a konnen Premier League la byen, li te pase nan tet ekip Southampton nan sezon 2013-2014, epi nan Tottenham, soti 2014 pou rive 2019, yon ekip li te menn rive fè final Champions League la ak li. Yon lòt defi ap tann li ak Blues yo sezon kap vini.
Facebook Comments