Siw wè machin sa sou wout ou, se bandi Gran Ravin ki ladan l

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
siw wè machin sa sou wout ou, se bandi gran ravin ki ladan l insécurité
Menmjan divès kidnapè nan peyi a itilize machin plak Sèvis Leta, Ofisyèl, PNH ak lòt ankò pou simen zak laterè yo, konsa tou yo sèvi ak anpil gwo mak machin pou yo kidnape oubyen sasinen moun, dènye videyo sa a ki pibliye pandan semèn nan montre yon machin ki degize an Burberry epi plizyè zam devan l, pandan bandi yo ap fè gwo deklarasyon menasan.
Nan Pòtoprens, bandi yo ki fin achte pifò nan katye yo ak lajan kontan pa sispann choke moun nan montre kalite gwo kalib yo genyen, pou bon plezi yo filme nouvo kagezo zam ak bal oubyen nouvo gwo sniper yo genyen… Jan nou ka konstate l nan videyo a, machin sa se pwopriyete gang ak zam k ap opere nan katye Gran Ravin, « Ti Lapli » ak « Bougòy » ap dirije, yo kouri l san plak. Se prèske chak jou li woule Pòtay ak Matisan pou rive kèk kote nan Kafou.
Yo itilize machin sa a pou flannen nan plizyè rakwen nan 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, pou file fanm epi pran plezi yo tankou bon zanmi sosyete a, li vin plis enpòtan pou chak moun k ap mache nan lari Pòtoprens mache ak plis pridans, menmsi koze pridans lan an Ayiti se jis yon senp pawòl.
Plizyè gwo zam fann fwa aliyen devan machin nan, nan videyo sa k ap sikile sou tout rezo sosyal yo, mesye yo fè plizyè gwo deklarasyon menasan « Epi n pral chofe vil lan la wi, manman pitit mare vant », youn nan deklarasyon yo ki site nan videyo a.
Chowòch yo atire anpil jenn fanm sou bandi yo
Dènye tan sa yo anpil jenn fanm kòmanse enplike nan divès zak malonèt, genyen ki vin madanm bandi, asosye ak bandi nan move zafè, antèn bandi, objè sèksyèl bandi tou, anpil nan swadizan jèn fanm sa yo ki pafwa nan nesesite, pa mize sou chwa entegrasyon yo nan sen bandi yo.
Sepandan, sitiyasyon peyi a ap konfwonte jodi a vin menm pi konplike. Gang yo pa sèlman bay tiz men yo sèvi ak kèk nan medam twotwa yo pou fè antèn. Nan yon videyo nou t ap swiv sou TikTok, yon jenn fanm te deklare  » Mwen son bèl tifi, m paka soti pran plezi m nan peyi m, mwen oblije madan bandi paske se yo ki gen kontwòl peyi a »
Kidonk, fenomèn gang ak zam an Ayiti, pa epanye ni timoun ni jèn fi pou yo vin tounen yon fenomèn, avni sosyete isit la an danje. Nou dwe aji byen vit pou detwi fenomèn sa an Ayiti, paske pita ap pi tris pou peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.