Wilson Cadet enstale nan tèt Komisarya Vale Jakmèl

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
wilson cadet enstale nan tèt komisarya vale jakmèl
Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan yon nòt fè konnen Komisè minisipal Wilson Cadet enstale, jedi 20 avril 2023 sa a, kòm nouvo Chèf Komisarya Vale Jakmèl la. Se Direktris Depatmantal Lapolis Sidès la, Komisè Divizyonè Marie Dieunane Joseph Borgelin, ki enstale li.
Daprè enstitisyon Lapolis la, seremoni enstalasyon an te fèt nan prezans, Majistra Vale Jakmèl la, Madam Marie Yolaine Philippeaux Scutt, epi Jij lapè a, Mèt Wilfrid Deristil ak lòt ankò.
Yon lòt bò, PNH la Presize pou l di chanjman sa a ki fèt nan tèt Komisarya Vale Jakmèl la fè pati nouvo plan sekirite Wo Kòmandman Lapolis Nasyonal d Ayiti a (PNH), anba direksyon DG Frantz Elbé.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.