SPNH-17 mande retire polisye k ap sekirize pèsonalite ki tonbe anba sanksyon yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
SPNH-17 mande retire polisye k ap sekirize pèsonalite ki tonbe anba sanksyon yo
Nan yon nòt rekòmandasyon ki pote dat 20 novanm 2022, Sendika Polis Nasyonal Ayiti a (SPNH-17) mande Direktè jeneral enstitisyon an, Frantz Élbé, pou retire polisye ki detache nan asire sekirite ansyen fonksyonè nan Leta ki anba sanksyon peyi entènasyonal yo.
Menmjan ak tout sosyete a, SPNH-17 di li konstate dividal aktè politik, ansyen prezidan ak wo fonksyonè nan Leta a, ansyen palmantè, ak sa ki an fonksyon ki tonbe anba sanksyon peyi Kanada ak Etazini pou enplikasyon yo nan bay zam ak bandi pou teworize popilasyon an.
Pou rezon sa, Sendika Polis Nasyonal Ayiti a (SPNH-17) mande Direktè jeneral Lapolis la pase lòd fòmèl pou retire polisye ki detache ak ansyen fonksyonè sa yo ki ta enplike nan distribiye zam, nan kreye plizyè fwaye bandi nan kapital la, tankou nan kèk vil pwovens.
Sendika a mande ak Premye minis lan, Ariel Henry, ansanm ak Minis jistis la, Emmelie Prophète, atravè CSPN lan, pou fè yon swivi rapid ak dosye sa. SPNH-17 la swete Leta ankouraje polisye yo nan batay kont bandi ak vès yo ki souvan okipe gwo fonksyon anndan Leta a.
Pami ansyen gwo chèf nan Leta a ki tonbe anba sanksyon peyi entènasyonal yo genyen ansyen Prezidan Michel Martelly, ansyen Prezidan chanm depite Gary Bodeau, ansyen Prezidan ansanble nasyonal Youri Latortue, ansyen Premye minis Laurent Lamothe ak Jean Henry Céant, san konte divès lòt ki toujou an fonksyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.