SYNAPOHA mande Frantz Elbé pou pèmèt anplwaye PNH yo chanje chèk yo nan BNC ki nan zòn wouj yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
le synapoha lance un programme dappui aux familles des policiers victimes
Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA), nan yon lèt li adrese bay Direktè jeneral lapolis la Frantz Elbé, nan dat 15 novanm nan, mande pou DGPNH la pran bon jan dispozisyon avèk Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) pou pèmèt polisye yo ak tout pèsonèl administratif enstitisyon chanje chèk yo san pwoblèm nan tout sikisal Bank Nasyonal Kredi (BNC) ki gen sou teritwa a.
Sendika polisye a fè demand sila aprè l te fin resevwa plizyè doleyans pa bò kote polisye yo epitou gras avèk konsta li fè sou sitiyasyon sekiritè peyi a nan zòn Metwopolitèn nan.
“Egzijans Sendika a fè a se nan objektif pou diminye risk polisye yo ak tout pèsonèl administratif PNH la ap pran pou chanje chèk yo nan Bank Repiblik d Ayiti (BRH) ki nan yon zòn wouj”, se sa yo mande nimewo 1 lapolis la, Mesye Frantz Elbé.
Kòm ekzanp, SYNAPOHA di li twouve li pa nòmal pou yon polisye ap kite Kwadèboukè pou l antre nan vil la pou chanje chèk li alòske genyen plizyè sikisal Bank Nasyonal Kredi nan Plèn nan.
BNC se yon bank Leta, se sa sendika rapòte, kidonk fòk Wo kòmandman lapolis la pran divès mezi nesesè pou rann fonksyonèl sikisal ki nan zòn sa, menm jan ak plizyè lòt ki nan zòn “wouj” nan peyi a, sitou nan depatman Lwès la.
N ap raple lèt sila pote siyati Lionel Lazarre, ki se kowòdonatè jeneral SYNAPOHA, ak Thelay Glozy, Sekretè jeneral.
Pandan yo t ap salye Direktè jeneral PNH la Frantz Elbé, Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA) di l kanpe fèm sou ekzijans li fè a paske ensekirite a k ap panpannen kò l nan peyi a depi kèk tan pa epanye pèsòn.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.