T-Vice 30 an ap ban nou konpa  

Revital Lynch
ParRevital Lynch
Photo : Facebook T-Vice

De 1992 a 2022, sa fè deja 30 lane depi T-Vice te pran nesans, yon djaz Roberto ak Reynaldo Martino, 2 frè te mete sou pye e ki jounen jodi a toujou la ap ban nou konpa san kanpe. 

Se nan El Rancho, samdi 6 out la T-Vice te selebre 30 lane ekzistans li. Se te yon bèl bal kote ti mesye yo te mete konpa atè san pran souf. Pou sware sa ki te fèt an blan, Roberto ak Reynaldo te mete bò kote yo Kaï, gwoup mayestwo Richard Cavé a, epi Dj Valmix. Nan mitan sware sa te gen yon bèl sipriz, Roro, batè prèske tout Djakout yo jiska Djakout #1 yon lòt gwoup ki anfas T-Vice pandan kèk lane, te monte vin jwe batri ak T-Vice, sa se te yon bèl jès. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan 30 lane sa yo ann gade kisa T-Vice te pote pou endistri mizik la. Se a 16 lane Roberto Martino ak Ti frè l Reynaldo, 13 lane, te deside lanse pwojè sa ki pote non T-Vice ki se yon derive de Top Vice, yon gwoup papa yo Robert Martino te genyen. Bagay la t ap rete toujou yon zafè fanmi paske se manman yo, Jessie Al Khal ki te pral vin manadjè yo. Pandan tout ekzistans gwoup la, li pwodui anviwon 11 albòm ki anrejistre nan estidyo, nou ka site : Konpa kontak an 1994 – Ban m T-Vice mwen an 1998 – Men Medikaman an 1999 – Di’m Sa’w We an 2000 – Vinn Pran Nòt an 2004 – Kite’m Viv an 2006 – Welcome To Haiti (Vin envesti) an 2010 – Resan an 2013 – Reloaded an 2014 – Nou Tounen Pi Fò an 2016 – Majestic an 2021 ki se dènye albòm gwoup la.

T-Vice 30 an ap ban nou konpa
T-Vice 30 an ap ban nou konpa

 

Se vre T-Vice te kòmanse nan difikilte, yo te konnen anpil bon moman ak kèk move moman tou. Men, jounen jodi a Roberto ka di li satisfè de sa yo akonpli, daprè li gwoup la ap byen mache. Se youn nan gwoup tou ki mennen yon gwo polemik fas ak Sweet Micky, gwoup Michel Martelly a, an menm tan ak Djakout Mizik e ki te kenbe. Anpil moun avwe ke pi gwo zam ti mesye yo se Elikoptè, men se sitou ak mereng sa yo te rive jere beton kanaval yo, jiskaske yo rive enpoze yo.  

An plis 11 albòm yo, T-Vice rete youn nan gwoup ki make endistri mizikal la, chantè gwoup la, Roberto Martino, fè konnen gen zòn nan mond lan se gwoup li a ki premye fè konpa jwe ladan yo, tankou Nouvelle Calédonie ak Bercy. Yo reyalize anpil bagay ke Roberto di l fyè. Yon lòt fwa ankò n ap di T-Vice bòn fèt… 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.