To dola meriken an kontinye kenbe goud la anba gagann

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
to dola meriken an kontinye kenbe goud la anba gagann
To referans Bank Repiblik Dayiti pou madi 7 fevriye sa a, pou yon dola meriken ekivalan a 149,26 goud. Faktè ekstèn, tankou enflasyon an ki kontinye ap afekte mache Ameriken an, sa ki diminye tou transfè lajan ki soti nan dyaspora a anvè Ayiti, se pami kòz ki eksplike sitiyasyon sa a sou mache lokal la detònyore.
Lòt faktè yo, tankou ensekirite a ki limite tranzaksyon sou mache lokal la, kontribye anpil nan fliktiyasyon sa a nan echanj pousantaj lajan an, sa lakòz tou yon rate ki pèsistan nan dola Ameriken an sou mache a, anpil moun plenyen paske yo paka jwenn dola fasil nan bank yo. Ekonomis Joseph Harold Pierre, nan yon entèvyou li bay ak yon estasyon radyo nan kapital la deklare ; « Pa gen yon pousantaj fiks nan echanj dola ameriken nan mache ekonomik lan ».
Bank komèsyal yo, ki jere yon bon pati nan transfè yo, byen souvan limite tranzaksyon kliyan yo. Pafwa, retrè chak jou yo limite. Dapre ekonomis Joseph Harold Pierre, mankman dola sa a se akòz deteryorasyon klima sekirite peyi a, ki, chak jou pi plis limite mouvman moun yo tankou ;  ekspòtasyon ak divès lòt sektè ki ka bay gwo pwofi nan ekonomi an.
Vreman vre, Bank Santral la prèske pa egziste nan gwo desizyon yo ki ta ka mennen nan estabilite nan dola a sou mache a. Pandan ane anvan an, prèske 560 milyon dola meriken te enjekte, ak yon pousantaj varyab, alòske lajan lokal la kontinye ap pran souflèt.
Nan mwa fevriye 2022, to a te kenbe jiska 102,09 goud pou yon dola, alòske nan menm epòk ane 2023 sa a, li pran 149,26 goud pou yon dola. Sa montre nan ki nivo dola a ap kontinye kenbe goud la anba gagann, konpayi yo ak mache enfòmèl la fikse to a ak plis pase 160 goud, sa ki lakòz gwo fristrasyon nan lavi kliyan yo k ap chanje dola yo.
Li te enpòtan pou n te fè kèk remak sou pri pwodui nesesite yo, anpil fwa pri manje yo estabilize yo sou fason dola a ap grandi oubyen ap twoke kòn li, machann yo plenyen anpil paske yo achte ak yon pri ki egzajere, sa ki sisite yon mache nwa fòse paske tank dola a ap pike monte se otan pri manje yo ap degingole.
 » Kòman w ta vle pou bagay yo pa monte pandan dola ap pete fyèl nou, ou imajine w ti sak diri a ki te konn vann 1000 goud kounye a prèske rive a 2500 goud ?  » te kesyone yon machann k ap vann nan mache Petyonvil.
Si pou kèk moun se ensekirite a k ap fè yo monte syèl la pa do, pou anpil lòt se moso lamanjay la ki konsidere kòm yon kòd nwa nan lavi yo, kèk moun nou te pale ak yo te montre nan ki nivo yo endinye paske kwit yon sachè Spaghetti lakay yo se yon kas tèt chinwa, Leta sanse inyore sitiyasyon malouk sa a lè n konsidere mezi yo ki pa pran, okontrè sèl satisfaksyon yo se amelyore relasyon entènasyonal yo ak tit yo, mete sou pòch yo ki pa sispann plen anvan yo sede plas ak lòt pwofitè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.