Depi lè star Potigè a debake nan peyi Arabi Sawoudit pou l pote mayo klèb Al-Nassr, bagay yo konplike pou klèb la, kote aprè 3 match ofisyel, ekip la pèdi 2 epi fè yon nil. Luiz Gutavo ki se koyekipye li fè konnen nan mikro « RT Arabic » kijan prezans ansyen jwè Real Madrid la konplike bagay yo pou ekip la epi avantaj yo jwenn tou avèk li chak jou.
Luiz Gutavo, ansyen jwè Bayern Munich lan fè konnen nan yon antretyen li bay « RT Arabic », kijan y ap aprann anpil ak C.Ronaldo epi kijan chak rankont yo jwe difisil pou yo. Paske tout ekip yo motive pou jwe kont Potigè a.
« Prezans C.Ronaldo pote anpil pou ekip la, nou aprann anpil bagay sou li chak jou. Kalite teknik li ak kalite fizik li montre klè, li fèt pou l leve defi, sa li toujou fè. Li gentan fè premye gòl li pou ekip la, sa ki retire anpil presyon sou do li ».
Ansyen jwè Marseille la te pwofite okazyon sa pou li di kijan match yo vin pi difisil pou yo genyen depi lè jwè ki pran Balon dò a 5 fwa a rive nan ekip la.
« Prezans C.Ronaldo bay lòt ekip yo plis motivasyon pou bat lidè chanpyona a. Prezans li fè match yo konplike anpil pou nou paske advèsè nou yo vle jwe byen kont li. »
Ekip Al-Nassr a nan tèt chanpyonna a, Rudi Garcia konte anpil sou asyen jwè Manchester United la pou l pran tit la pou sezon sa.
Facebook Comments