Toby devwale rezon ki fè li ak Vanessa pa ansanm

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
toby devwale rezon ki fè li ak vanessa pa ansanm

Nan endistri mizikal ayisyen an, plizyè diyo kite mak yo sou sèn atistik la, pami yo Toby ak Vanessa. Aprè sòti albòm “Migrasyon” yo an, koup sila a ki te deja delivre plizyè mizik ki te fè gwo siksè nan HMI la te disparèt, sa ki te fè fàn yo pa t janm sispann chèche rezon ki pouse vwa “Sa plis ke love” yo separe. Yon rezon Toby resi devwale.

Nan yon entèvyou “Mister vibe sou vibe” lan bay “Max Reports”, rapè a eksplike chak moun te gen priyorite yo, epi yo te deside ansanm swiv wout yo. Jèn rapè a deklare: “M te plis anvi delivre nan Rap”. Pi lwen, li fè konnen: ” Diyo Toby Vanessa a te anpeche m fè Toby “. Yon sitiyasyon ki te prezante pou Vanessa tou, si nou kwè sa rapè a fè konnen an paske Vanessa te gen pwòp pwojè pa l ki se te fè zouk epi jwe ak “Full Band”.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Menm aprè separasyon sa, de atis yo toujou pataje bon rapò piske Toby travay sou pwojè Vanessa yo, epi Vanessa tou sou pa l yo daprè sa entèprèt “M pa ka zanmi fi” a fè konnen nan menm entèvyou sila a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média