Twazyèm edisyon festival entènasyonal literati krèyòl (FLE) 2021 

Guerby Jean
ParGuerby Jean

Twazyèm edisyon festival entènasyonal literati krèyòl la tanmen jounen mekrèdi 1 desanm pase a anba tèm «literati nan konstrisyon moun», nan Marriott Hotel se te okazyon pou prezidan FLE la, Jean Baptiste Anivince, ak divès lòt pèsonalite te pran lapawòl pou pote flanbo literati krèyòl la pi wo, epi prezante pwogramasyon festival la k ap dewoule soti 1e pou bout 5 desanm 2021. 

Jean Baptiste Anivince

Jounen mekrèdi 1e desanm pase a nan Marriott Hotel, Prezidan festival entènasyonal literati krèyòl la, Jean Baptiste Anivince, nan yon konferans pou laprès te fè lansman ofisyèl 3èm edisyon festival literati krèyòl la nan mitan plizè pèsonalite nan domèn literati pami yo, Yon reprezantan, manm akademi krèyòl ayisyen an (AKA) Rogéda Dorcé Dorcil, envite donè nan kad festival sila a pou ane a Lyonel Trouillot (Ekriven) ak divès lòt envite nan domèn lakilti ki te mete yon bout ak konferans sila a nan yon pèfòmans kiltirèl. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Inisyatè festival entènasyonal literati krèyòl la, Jean Baptiste Anivince, otè divès ouvraj,  ekri nan lang krèyòl tankou, fou nan souf woutfrè, de bò goch,  pa t mete dlo nan bouch li pou l raple enpòtans koze lakilti genyen nan sosyete a, yon enpòtans ki eksplike tèt li nan chwa tematik pou ane a «Literati nan konstrisyon moun» Yon mannyè pou satiyèt konsyans tout Ayisyen tout plim tout plimay sou byenfè lakilti ki se sèl aktivite ki p ap mouri nan peyi a. Daprè powèt la, jefò ki fèt pou rive mete twazyèm edisyon festival la sou de pye militè l nan kondisyon difisil peyi a konnen se nan kole zepòl ak kèk enstisyon, Ekriven, li te pwofite atire atansyon festivalye yo sou  youn nan objektif woumble sila a ki se, mete an avan  zèv tout Ekriven  k ap pwodwi an krèyòl. Pi lwen, li raple responsablite Ayiti genyen kòm pi gwo kominote lengwistik nan mond lan, nan yon deklarasyon nanm : « Ayiti kòm pi gran gwo kominote kreyolofòn nan mond lan gen yon responsablite istorik e moral anvè devlopman ak reyònman Literati krèyòl nan lemond.»  

Bò kote pa l, envitè donè festival la Lyonel Trouillot, Ekriven, manyen aspè kalite nan pwodisksyon literè k ap fèt an krèyòl. Pou li menm, lè n ap pale de literati kreyòl gen yon egzijans de kalite. Kidonk pwodisksyon literè kreyòl yo ki se makpye reyalite ayisyen, mande anpil atansyon ak egzijans nan kout plim yo. Rogéda Dorcé Dorcil, prezidan akademi krèyòl Ayisyen, pwofesè nan fakilte lengwistik aplike (FLA), bò kote pa l te manyen tout enterè akademi an genyen pou l bay festival sila a bourad, pliske se youn nan evènman k ap bay lang krèyòl la  jarèt nan menm sans ak akademi an. 

Lyonel Trouillot

Festival entènasyonal literati krèyòl (FLE) la pran nesans nan lane 2019, 4 pou 8 desann, se te dat ki make premye edisyon an nan lide pou remanbre epi ankouraje pwodisksyon literè an krèyòl ki se lang manman, Lang 100% Ayisyen pale. Anplis yon envitè donè, Lyonel Trouillot, divès lòt envite espesyal tribòbabò tankou:  Ena Eluther, nan peyi Gwadloup, Ki gen yon  doktora nan literati konpare. Li se pwofesè sètifye nan lang kreyòl, espesyalis literati karibeyen ak literati afriken. Jude Duranty nan peyi Matinik ki deja pibliye yon latriye liv nan lang krèyòl,  sou lang kreyòl. Ak divès lòt envite patou nan lemond, Kanada, Etazini, Kiba, pou n site sa yo sèlman. 

N ap raple pou ane 2021 an, festival la adopte yon fòma ibrid kidonk yon makòn evènman prezansyèl ak vityèl k ap andirèk sou «Facebook» ak «YouTube». Evènman prezansyèl yo deja tanmen blayi kò yo nan divès kwen nan kapital la tankou, bibliyotèk Roger DorsainvilCollège Roger Anglade, Lycée des jeunes filles, Lycée Marie Jeanne, ak divès lòt kwen tankou, Jaden Kiskeya ,École de la radio, ki se sèl lekòl jounalis, nan kad konbit entèlèktyèl sila a, pou n site sa yo sèlman. 

Rogéda Dorcé Dorcil

N ap raple tou, se pa premye fwa prezidan FLE la, Jean Baptiste Anivince, fè chwa ÉCOLE DE LA RADIO pou yon gwo seyans woumble, sa te fèt deja jounen ki te 24 oktòb 2021, kote anpil lide ki gen nanm te echanje otou enpòtans lang krèyòl la dwe genyen nan travay jounalistik k ap fèt nan peyi. Yon lòt fwa ankò, responsab FLE la fè chwa ÉCOLE DE LA RADIO pou yon konferans k ap fèt nan lokal lekòl la otou «lang krèyòl ak jounalis kiltirèl» yon manmyè pou bay aktivite jounalistik yo plis  jarèk. Gwo jounen pataj sa k ap fèt 5 desanm 2021 an ap tou make kloti 3èm edisyon festival entènasyonal literati kreyòl la. 

REDAKSYON : Guerby JEAN 

MAK FABRIK : NETALKOLE MEDIA 2021 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article