Vinicius briye pou 200è match li ak Real Madrid

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
vinicius briye pou 200è match li ak real madrid

Real Madrid fè yon bèl viktwa sou FC Valence (2-0) nan 19è jounen Liga a. Vinicius Jr ki t ap jwe 200è fwa pou Real Madrid nan okazyon sa fè gòl nan match sila a.

Vinicius gentan gen 200 aparisyon sou koulè ekip Real Madrid la a 22 lane sèlman. Nan match ki te konte pou 19è jounen chanpyona Espay foutbòl la, Brezilyen an ede Real genyen Valence (2-0) pandan l fè dezyèm gòl match la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se elye Seleçao a ki fini pi bon jwè rankont foutbòl sila a. Li te fè gòl li a nan 55è minit aprè yon pas kapitèn li, Karim Benzema te ba li. Jwè a te enpòtan sou lèl li a, li te bay anpil pwoblèm e li te briye nan match sa.

Nan 200 match ak Real Madrid, Vinicius  make 49 gòl e li bay 49 pas desizif. Li sou senkyèm sezon l ak Casa Blanca a e l ap amelyore chak sezon. Li pran 7 tit ak Real pami yo 2 Liga ak yon Champions League.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.