MENFP kondane atak ki te fèt sou plizyè lekòl nan Gonayiv pandan mouvman polisye yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
menfp kondane atak ki te fèt sou plizyè lekòl nan gonayiv pandan mouvman polisye yo

Atravè Direksyon depatmantal edikasyon Latibonit, MENFP denonse epi kondane atak ki te fèt nan dat 31 janvye ki sot pase a sou divès lekòl nan Gonayiv pandan mouvman pwotestasyon polisye nan vil la aprè lanmò 6 nan konfrè yo nan Lyankou.

Nan yon kominike pou laprès ki piblik, Direksyon depatmantal edikasyon Latibonit lan kondane tout aksyon pandan mouvman pwotestasyon sa ki te pran pou sib elèv ak etablisman eskolè yo nan vil la ki te pwovoke gwo latwoublay epi anpeche aktivite lekòl yo fonksyone kòmsadwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan menm okazyon sa, DDE-A demanti tout enfòmasyon ki te vle fè kwè gen elèv nan Gonayiv ki te mouri pandan jounen mouvman sa kote plizyè dizèn polisye t ap revandike aprè asasina trajik 6 nan frè yo nan Lyankou aprè yon atak bandi ak zam nan mitan semèn ki sot pase a.

Toutfwa, Direksyon depatmantal edikasyon Latibonit lan rekonèt genyen yon elèv ki te sòti blese pandan jounen mouvman sa ansanm ak yon batiman lekòl ki te riske pase anba flanm dife si pa t gen sekou popilasyon an.

Responsab DDE-A yo, nan kominike sa, mande ak tout pwotestatè yo respekte dwa elèv yo genyen pou yo travay nan lekòl yo nan lòd ak disiplin, pandan l rekonèt dwa chak moun genyen pou manifeste nan limit lalwa otorize sa.

Direksyon depatmantal edikasyon Latibonit lan prezante senpati l bay tout viktim yo nan kominote edikatif la, epi raple tout moun avni sosyete a epi timoun yo depann de edikasyon ki fè gen nesesite pou dwa sa respekte kote lekòl ap kapab fonksyone kòmsadwa e san kè sote.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.