Nimewo 7 Real Madrid la gen anpil istwa ki kache deyè l, aprè Raul Gonzalez ak Cristiano Ronaldo, okenn jwè pa rive pefòman ak nimewo sa, Eden Hazard se ekzamp lan. Anpil fanatik Real Madrid panse Brezilyen an Vinicius ta sipoze pran nimewo 7 la, yon ide jwè a voye jete. Se sa « ESPN » fè konnen.
Daprè « ESPN » Vinicius pa montre l gen okenn enterè pou nimewo 7 Real Madrid la, yon nimewo ki pa pote chans pou jwè ki pote l yo depi Potigè a, Cristiona Ronaldo kite Casablanca yo. Jwè Bèlj la, Eden Hazard ap monte yon kalvè nan ekip Real la depi lè l kite Chelsea. San n pa bliye Mariano Diaz ki pat janm rive enpoze l ak nimewo sa.
Pi lwen jounal la fè konnen Vinicius refize kite nimewo 20 an, yon nimewo ki pote anpil chans pou li, pou l ta pran nimewo 7 la, paske li pwobab pou fen sezon an pou Real Madrid remèsye ansyen jwè Chelsea. Pou sezon an Eden Hazard pa vreman enpòtan pou klèb Madrid la, li jwe 7 match, li fè yon sèl gòl pou ekip C. Ancelloti a, se nan Champions League la fas Celtic.
