Kidnapin, yo rele tou anlèvman, se yon pratik kriminèl grav twomatizan ki gen konsekans devastatè pou viktim yo, fanmi yo ak kominote yo.
Vrèman vre, depi plizyè mwa, zak kidnapin enpoze l anndan sosyete Ayisyèn nan, yon sitiyasyon ki fè anpil moun nan popilasyon an pa konnen kibò pou yo jwenn èd. Ka anlèvman yo anrejistre chak jou nan peyi a. Malgre efò Lapolis Nasyonal Dayiti a fè pou kwape ensekirite a, bandi yo vin pi pisan, pi envensib nan peyi a.
Plizyè moun viktim zak kidnapin nan sant vil Pòtoprens la ak nan komin Delma depi kòmansman semèn nan. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou, preske yon dizèn moun te kidnape nan avni Christophe ak Avni N, pami yo 2 ki te abò yon machin nan moman yo t ap pral legliz, se sak fè anpil Ayisyen pa t kache sa yo te santi, pou anpil nan yo, Popilasyon an lage poukò l, Popilasyon an pa gen okenn sekou.
» Lè m soti m gentan konnen mwen gen plis chans pou m pa antre, paske chak jou y ap kidnape moun, kit ou rich, kit ou pòv », te fè konnen yon sitwayen nan yon ti bat bouch ak ekip NetAlKole Média, tout pandan li te di, li enpòtan pou otorite Ayisyèn yo pran dispozisyon pou goumen kont kidnapin epi pou pwoteje popilasyon an ki lage poukò l nan peyi a.
Pou anpil lòt, pou konbat ensekirite a,otorite yo dwe etabli fòs sekirite efikas ki byen antrene, amelyore lwa ak pwosedi jidisyè pou pouswiv moun k ap kidnape moun yo ak pwoteje temwen yo, epi envesti nan pwogram prevansyon ki ede diminye risk kidnapin yo.
« Li enpòtan pou sitwayen yo enfòme sou risk ak mezi yo ka pran pou pwoteje tèt yo kont kidnapin », te di youn nan sitwayen yo, tout pandan li kontinye pou l di, « li enpòtan pou kominote entènasyonal la apiye Ayiti nan jefò l ap fè pou lite kont kidnapin epi ranfòse sekirite popilasyon an. Sa ka gen ladan asistans teknik ak finansye pou ede fòme fòs sekirite yo epi aplike pwogram prevansyon anlèvman ».
N ap raple, ensekirite an Ayiti se yon gwo enkyetid pou popilasyon Ayisyèn nan. Nivo krim, tankou kidnapin, vòl, touye moun ak trafik dwòg, yo wo anpil epi gen yon enpak negatif sou lavi chak moun nan Popilasyon Ayisyèn nan.
Facebook Comments