Nouvèl yo tris anpil aprè Pelé t ap fè rezistans ak yon kansè epi opere pou pwoblèm ren ak kè, legand brezilyen an kite mond sa ak 82 lane. Jwè ki fè chimen pou foutbòl la, ki pran mondyal la 3 fwa, jwè anpil moun konsidere kòm meyè jwè tou tan an, pa nan mond sa anko. Men gen 3 rekò li mete nan foutbòl la okenn jwè poko kraze.
Anons lanmò Pelé a mete dife sou rezo sosyal yo, anpil sipèsta ak chèf deta pataje mo senpati yo ak fanmi senbòl foutbòl Brezil la epi bay yon omaj nan non li. Men pendan 15 lane ekip Brezil sa ki te gen Pelé ladan l lan, te rive pran 3 mondyal (1958, 1962 epi 1970), yon bagay san parèy.
Si Messi se jwè ki mete rekò nan istwa Balon dò a, Cristiono Ronaldo mete rekò nan zafè Lig Champyon ak seleksyon, Pelé mete rekò nan konpetisyon ki fè moun reve plis la, konpetisyon ki pi enpòtan nan karyè yon foutbolè ki se Mondyal.
Men 3 rekò Pelé mete nan zafè Mondyal ki poko jann ka bat depi lè li te gen 17 lane.
- Fè yon gòl (17 lane ak 239 jou)
- Fè 3 gòl (17 lane ak 244 jou)
- Fè gòl (17 lane ak 249 jou)
Facebook Comments