Branch Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH) ki nan Ench, depatman Sant peyi a, fè konnen li mete lapat nan kòlèt 4 gwo bouwo pou enplikasyon yo nan plizyè enfraksyon pami yo vòl ak magouy. Moun sila yo jwenn arestasyon yo nan kòmansman semèn nan.
Pami kriminèl yo genyen 3 frè ki sòti nan lokalite Penyè nan Petyonvil, kote gang Vitelhomme ap dirije, pi presizeman nan zòn Tèt Kase. Ajan Polisye yo arete yo 27 desanm pase a.
Fòs lòd yo idantifye 4 endividi sila yo tankou Fenel Talmas, Fenix Talmas ak Sauveur Talmas, yo respektivman genyen 43, 45 ak 54 lane sou tèt yo. Yo akize yo vyòl ak asosyasyon malfektè. 3 endividi sila yo t al kache nan yon otèl aprè yo te fin komèt zak yo, sa sa nou aprann.
4yèm endividi ki jwenn arestasyon l anba men lapolis se Sylable Rémy, 27 lane. Li menm ak Talmas yo espesyalize nan fè magouy ak vòlè bagay moun. Aktyèlman yo tout nan gadavi, y ap tann sò lajistis rezève pou yo.
N ap raple depi kèk tan lapolis miltipliye operasyon li yo nan zòn andeyò yo nan lide pou pèmèt popilasyon an rale yon souf, men sa pa anpeche kriminèl yo kontinye poze move zak kè pòpòz tout kote yo pase. Toutfwa PNH la di l pa p bese bra, li deja bay bilan operasyon l pou lane 2022 kote plizyè santèn endividi jwenn arestasyon yo oubyen fè vwèl pou peyi san chapo.
Facebook Comments