Yon ansyen depite kesyone silans Leta aprè sanksyon ki pran kont kèk nan otorite yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon ansyen depite kesyone silans leta aprè sanksyon ki pran kont kèk nan otorite yo
Ansyen depite Marigo a, Deus Déronneth, kesyon silans divès aparèy anndan Leta a ki toujou poko reyaji aprè sanksyon peyi Kanada prensipalman pran kont plizyè gwo responsab ak ansyen fonksyonè nan Leta pou enplikasyon yo nan alimante ensekirite an Ayiti.
Sou kont Twitter li, Kwòdonatè nasyonal pati Elan demokratik pou majorite a (EDEM) mande ak Ministè ayisyen afè etranje a pou sòti nan silans li aprè sanksyon Etazini ak Kanada pran plizyè otorite ayisyen pou kesyon trafik dwòg, finansman gang ame, blanchiman lajan ak divès lòt zak koripsyon.
Ansyen palmantè a site kèk nan enstitisyon nan peyi a ki gen responsablite pou panche sou ka koripsyon yo, pami yo, Inite lit kont koripsyon, Inite santral ransèyman finansye, san bliye Biwo lit kont trafik estipefyan (BLTS), ki toujou poko reyaji.
Ansyen depite Deus Déronneth kwè li lè li tan pou n sispann sipòte enpinite nan peyi a. Lidè EDEM lan fè konnen si Kanada ak Etazini gen tò se pou Ministè afè etranje (MAE) defann otorite sa yo, nan ka kontrè a, se pou lajistis aji jan sa dwe fèt.
Pami otorite ki deja tonbe anba sanksyon peyi Kanada prensipalman nou ka site plizyè ansyen gwo responsab nan Leta a tankou, Michel Martelly, Gary Bodeau, Youry Latortue, Laurent Lamothe, san konte kèk nan pęsonalite ki nan gouvènman an plas la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.