Etazini : Plizyè manm estrikti LGBT+ mouri nan yon fiziyad andedan yon disko nan dezyèm pi gwo vil Colorado 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
etazini plis pase 18 manm estrikti lgbt+ mouri nan yon fiziyad andedan yon disko nan dezyèm pi gwo vil colorado 
Reyalite yo te fèt nan vil Colorado,  Lèzetazini te dòmi anba yon nouvo masak dimanch 20 novanm lan, avèk menm kalite istwa trajik ki repete twò souvan yo. « Li antre nan bwat la epi imedyatman li kòmanse tire » te deklare yon gason makomè, panddan li fè konnen se yon nonm 22 lane ki komèt zak la epi touye divès fanm ak gason LGBT+, blese plis pase 17 moun nan lannwit samdi pou rive dimanch 20 novanm nan yon nayklèb LGBTQ + nan Colorado Springs nan Etazini. 
Daprè yon rapò pwovizwa pòtpawòl lapolis la, Pamela Castro, ki presize yo te mennen viktim yo nan plizyè lopital nan Eta Colorado. Lapolis te entèveni apre yon apèl alantou 11:57 PM, otè asasen an te jwenn bout li kèk tan aprè dram lan. Nan yon konferans pou laprès ki te fèt dimanch sa a, adjwen chèf polis lokal la, Adrian Vasquez, te salye entèvansyon « 2 ewo » yo ki pa t sispann chèche jenn gason an ki te komèt zak malonèt sila a. « 2 moun omwen nan bwat la te konfwonte l, yo goumen ak li. Yo te rive anpeche sispèk la kontinye touye moun. An bwat la. » Pandan li raple asasen an gen 22 lane, li te gen 2 zam nan men l.
Bò kote pa l, Klèb Q, ki se klèb Masi Madi a, te remèsye ewo yo pou reyaksyon rapid yo « kliyan ewoyik ki te soumèt tirè a epi ki te mete fen nan atak odiyan sa a », dapre yon mesaj ki te pibliye sou Facebook. Klèb la di  » nou santi yo sibi fò anba atak san sans sa a sou kominote nou an ». Disko a te anonse yon evènman LGBT nan Samdi, yon fèt « ak tout kalite idantite sèks ak nimewo » nan okazyon Jounen souvni transjan yo, ki toujou selebre entènasyonalman chak 20 novanm. « Nou pa dwe tolere rayisman nan mitan nou » Prezidan Joe Biden te reyaji depi Washington, alòske Gouvènè Colorado Jared Polis, premye gouvènè ouvètman masisi eli Ozetazini, te di li te panike anpil.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.