Jounalis Mario Pentón rapòte, dimanch maten sou paj Twitter li, plizyè santèn migran ayisyen te rive nan lès Kiba nan yo bato pa erè. Jounalis la pataje imaj ak videyo kote nou ka wè bato a plen migran Ayisyen ladan l.
#DenunciaCiudadanaCuba | En el poblado de Ceiba Hueca, en la provincia de Granma, apareció una embarcación repleta de haitianos. Se ve que el viento los llevó por otro rumbo y no a donde esperaban llegar. pic.twitter.com/U6D50BLMQa
— Mario J. Pentón (@MarioJPenton) December 11, 2022
Nan yon mesaj jounalis la te pibliye sou kont Twitter li, li fè konnen pwobableman Ayisyen yo te rive nan Ceiba Hueca, yon vil kotyè nan pwovens Granma, pa erè. Li te fè konnen tou se pa premye fwa migran ki soti an Ayiti rive nan peyi Kiba pa aksidan.
Jounalis Mario Pentón di tou, yon fwa sou zile Kastwo, pwosedi nòmal la se depòte yo nan Pòtoprens, Kapital peyi d Ayiti ki chaje ak gang ak zam kap simaye latwoublay.
Nan yon videyo jounalis la poste sou kont Twitter li ayè dimanch 12 Desanm 2022 a, nou ka wè plizyè rezidan pwoche bò rivaj la pou yo wè sa ki rive migran Ayisyen sa yo pa erè a ki echwe nan peyi Kiba.
Li enpòtan pou nou raple, nan mwa jen ki sot pase a 2 gwoup ayisyen te rive Kiba yo chak nan atravè yon pò diferan. Premyèman, 18 mwa sa a te rive Kiba nan yon bato ak plizyè douzèn imigran ki t ap eseye rive nan peyi Etazini te akwochte sou kot Barakawo (Baracoa) , nan pwovens Gwanntanamo (Guantánamo).
Dezyèmman yon ti kras tan nan menm semèn la, 178 Ayisyen te debake nan Kayo Franses, yon teritwa ki fè pati minisipalite Caibarién, nan Vila Klara. Dapre sa yon jounal lokal te fè konnen otorite peyi Kiba te voye tout migran sa yo tounen an Ayiti.
Facebook Comments