Lansman 7èm edisyon Festival teyat «En lisant» nan Pòtoprens

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
lansman 7èm edisyon festival teyat «en lisant» nan pòtoprens
Sòti 12 pou rive 18 desanm, 7èm edisyon gran Festival teyat e atistik «En lisant» pral gen pou dewoule nan Pòtoprens kote pandan tout yon semèn prensipal òganizatè yo mete an plas yon pwogramasyon byen chaje.
Jodi lendi 12 desanm lan make premye jounen nan semèn aktivite 7èm edisyon Festival teyat «En lisant» an. Yon aktivite k ap gen dewoule pandan tout yon semèn nan divès espas kiltirèl nan kapital la avèk prensipalman Andrise Pierre kòm envite donè.
Pou 7èm edisyon Festival sa, òganizatè yo pwograme yon seri aktivite k ap gen pou fèt an prezansyèl tou kòm gen lòt ki prevwa òganize an liy, tankou espas sou Twitter oubyen vizyokonferans. Pou premye jounen ofisyèl aktivite sa, Dramatij Andrise Pierre ap dirije yon atelye ekriti teyatral k ap gen pou dewoule nan “Institut Français en Haïti ” jodi lendi a.
Divès lòt aktivite anonse pandan semèn aktivite 7èm edisyon Festival “En Lisant” an. Sòti 12 pou rive 18 desanm, plizyè seri kozri, konferans deba, pwojeksyon sinematografik, lekti, san konte yon seri espektak ki egalman pwograme.
Aktivite yo pou 7èm edisyon Festival sa ap gen pou dewoule prensipalman nan Centre d’art, Yanvalou Bar, “Institut Français en Haïti ”, san bliye divès aktivite ki anonse an liy.
Setyèm edisyon Festival teyat “En Lisant ” an ap gen pou pran fen nan dat 18 desanm k ap vini an avèk yon konsè k ap gen pou òganize nan Yanvalou Bar kote pri patisipasyon an fikse a 500 goud daprè sa nou rive li nan nòt pwogramasyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.