Yon demi milyon ayisyen riske trape kolera, daprè Òganizasyon mondyal sante 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon demi milyon ayisyen riske trape kolera daprè Òganizasyon mondyal sante
Kantite ka konfime kolera yo an Ayiti pa sispann ogmante chak jou pi plis. Anviwon yon mwa edmi depi gouvènman an te anonse premye ka maladi a nan peyi a, plis pase yon milye moun deja trape viris sa. Daprè OPS/OMS, 500 mil ayisyen riske pran maladi sa.
Nan kad kanpay k ap mennen bò kote patnè entènasyonal yo pou mobilize yon kantite fon pou kapab fè fas ak reparèt maladi kolera nan peyi a aprè pasaj 2010 lan, Òganizasyon mondyal sante ansanm ak Òganizasyon panamerikèn sante (OPS/OMS) lanse yon alèt sou kantite ayisyen ki riske atrape viris sa.
Katastwòf sanitè sa riske rive, daprè òganizasyon sa yo, akoz prensipal wout ki konekte kapital la ak rès peyi a toujou sou kontwòl ak enfliyans gang yo ki limite prensipalman deplasman popilasyon ki pi vilnerab yo e anpeche yo jwenn aksè ak sèvis de baz yo.
Kriz sanitè epidemi kolera mennen an ap frape fò popilasyon ki pi vilnerab yo e k ap viv nan zòn defavorize yo. Daprè dènye analiz yo ki reyalize sou sekirite alimantè montre prèse mwatye popilasyon an ap konnen yon nivo ensekirite alimantè grav, yon sitiyasyon ki rive pou premye fwa nan peyi a sou dènye ane sa yo.
Pou rezon sa, gouvènman ayisyen an atravè Ministè planifikasyon ak koperasyon ekstèn ansanm ak patnè li yo nan kominote entènasyonal la lanse yon apèl pou kolekte 145,6 milyon dola ameriken nan lide pou kapab konbat epidemi sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.