Categories: ECONOMIE ÉDUCATION

Yon finansman 50 milyon dola pou amelyorasyon sistèm pwodiksyon alimantè a an Ayiti

Share
Konsèy administrasyon Bank mondyal la bay dizon l lendi 6 fevriye ki sot pase a sou yon finansman adisyonèl 50 milyon dola meriken ki prale nan sistèm pwodiksyon alimantè a an Ayiti, prensipalman sou kesyon alimantasyon eskolè.
Bank mondyal ki se youn nan patnè finansye Ayiti genyen nan kominote entènasyonal la, apwouve finansman sa ki pral kapab ede Ministè agrikilti amelyore sistèm pwodiksyon alimantè a nan peyi a epi fè pwomosyon pou yon kwasans ekonomik k ap enplike tout moun.
Finansman adisyonèl 50 milyon dola nan kad pwojè sekirite alimantè sa, daprè responsab Bank mondyal yo, anviwon 120,000 moun ap gen pou benefisye nan pwogram sa kote ladan yo sipoze gen 100,000 timoun chak ane k ap gen yon pla cho k ap prepare ak pwodui alimantè lokal yo.
Nan menm pwojè sa, genyen anviwon 4,000 ekta tè agrikòl k ap gen pou benefisye bon jan zouti teknolojik epi aksè ak dlo pou kapab ogmante pwodiksyon nasyonal la. Genyen egalman anpil djòb dirèk ou endirèk ki prevwa kreye nan kad pwogram sa Bank mondyal ap finanse a.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by