Categories: AN KREYÒL ECONOMIE

Yon kwasans ekonomik negatif pou Ayiti ak Chili sou tout Amerik latin lan

Share

Nan rapò Bank mondyal pibliye madi 10 janvye 2023 a sou pèspektiv ekonomi mondyal la, Ayiti ak Chili parèt kòm de sèl peyi nan tout Amerik latin lan ki ap konnen yon kwasans ekonomik negatif pou ane 2023 a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan presizyon Bank mondyal yo, san okenn sipriz, Ayiti ap konnen yon lòt ane ankò ak kwasans ekonomik negatif avèk yon pousantaj -1,1% pou ane 2023 a, ki diferan pou peyi Chili ki sòti nan yon kwasans ekonomik pozitif an 2022 men k ap bese a -0,9% pou ane an. 

Daprè Bank mondyal, kwasans ekonomik negatif -1,1 % sa Ayiti ap konnen pou ane 2023 a gen pou wè ak kriz politik ak sosyal k ap ravaje peyi a depi plizyè ane kifè Ayiti jounen jodia se youn nan de peyi Amerik latin lan ak kwasans ekonomik negatif. 

Sou previzyon pou ekonomi mondyal la ki depi kèk tan ap fè fas ak gwo difikilte, sitou avèk pandemi Kowonaviris lan, Bank mondyal prevwa yon kwasans pozitif pou 2023 ak 2024 avèk respektivman 1,7% epi 2,7%. 

N ap mansyone pou finisman ane 2022 an, Ayiti te anrejistre yon to enflasyon san parèy ki touche 40% nan yon kontèks sosyopolitik difisil avèk sitou reparèt epidemi kolera epi ensekirite an k ap taye banda epi lamizè k ap ravaje fanmi yo. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by