Yon lòt gwoup militan antre kay André Michel vin chache lamayòt pa yo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Yon lòt gwoup militan antre kay André Michel vin chache lamayòt pa yo 

Aprè plizyè militan te antre andedan lakay Mèt André Michel dechouke epi boule an miyèt mòso yon machin mak Subaru Forester mèt la konn woule ayè mèkredi maten 14 septanm 2022 a, nan zòn Tomasen 48B.  Nan aswè, li te nan lè 6zè yo, yon lòt gwoup militan te vin fè dènye lè a nan chato mèt la loje l la, mesye dam yo flannen nan prèske tout kò kay la, yo repiye yon lòt fwa ankò. 

Depi aprè premye minis Ariel Henry fin kanpe ” rèd rèd rèd” dèyè desizyon l pou ogmante pri gaz yo andedan ponp yo, alòske li gentan tèt nèg depase nan men mesye kap vann li atè yo. Pèp la te toutswit pran lari a pou dechèpiye èlmi yo, selon sa kèk ladan yo deklare nan mikwo nou. Ansyen avoka pèp la André Michel, te premye sib pwotestatè yo jounen mèkredi sa a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè seyans dechoukay la sitwayen yo pat kanpe la, yo te tou tanmen yon jounen pwotestasyon pou mande Ariel rantre desizyon ogmantasyon pri gaz la, ” sinon sa ka la ka wè l” te deklare youn nan pwotestatè yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.