Ariel Henry ouvè pòt dechoukay la, plizyè biznis piye 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
ariel henry ouvè pòt dechoukay la, plizyè biznis piye 

Mouvman mobilizasyon yo rekòmanse depi plizyè semèn nan prèske tout peyi a pou denonse yon lòt fwa ankò, lavi chè, mizè, paka manje, ensekirite, rate gaz ak prezans Ariel Henry nan tèt peyi a kòm Premye Minis. 

Malgre li te inyore plizyè nan revandikasyon popilasyon an, Doktè Ariel Henry anonse  kanmenm dimanch pase a, ogmantasyon pri gaz la nan ponp yo, sa ki lakòz gwo leve kanpe sa  sou tout teritwa nasyonal la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konpòtman gouvènman aktyèl la ak desizyon Doktè Ariel yo lakòz manifestasyon yo vin pi dejenere chak jou pi plis, Ak fòs Ariel kanpe an bowòm sou chwa li yo, pèp la bò kote pal kanpe an sibòg depi lendi 12 septanm pase a. 

Apre yon konsèy minis jou pase yo, li te deside toutbon monte pri gaz yo nan ponp yo. Pou kouwèl ye la a, konsomatè yo ap bezwen 570 goud pou gazolin nan, ki te konn vann a 250 goud, dyezèl la pase de 353 a 670 goud, kewozèn nan soti de 352 a 665 goud. 

Pou revandike, sitwayen yo mete barikad nan prèske tout peyi a, boule kawotchou epi pran lòt inisyativ ki ta ka fòse gouvènman an  tande vwa yo. 

Mete sou pratik dechoukay yo ki reprann nan plizyè vil peyi a.  kay Mèt André Michel, te sòti kòm premye sib piyaj depi byen bonè ayè mèkredi a. Yon gwoup manifestan ki te antre nan rezidans sa a ki sitiye nan zòn Tomasen 48B te mete dife nan yon machin ki te nan lakou a. 

Nan Petyonvil, aktivite yo te sanse paralize. Plizyè militan te pran chache kou chyen fou André Michel jiskaske yo ta pral fòse antre nan lakou otèl Royal Oasis la ak Panamerican Street, ” Mèt la sanble te loje li nan youn nan espas sa yo”. 

Yo te kòmanse demonte baryè prensipal otèl la, lapolis te gentan pran kontwòl sitiyasyon an aprè yo ta tire plizyè foul otomatik anlè pou kraze entansyon popilasyon an. Fòk nou mansyone tou pat gen pyès moun ki te blese. 

Toujou nan kad jounen sa a, plizyè boutik andedan mache Petyonvil te pase anba woulo a. Manifestan yo te sakaje yon ti mache ki toupre ponp gazolin Dèlma 95 lan, sou  wout Frè a 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kanapevè, Bwa vèna, Lali, kèk kwen nan Petyonvil, wout Dèlma, pou n site sa yo sèlman,  se barikad, kawotchyou ki te okipe zòn sa yo kote menm sikilasyon moto te prèske enposib. Militan yo te anvayi lwil sou wout avni Martin Luther-King nan, tou pre Kafou Samida ak GOC University. 

Lòt vil yo atravè peyi a te nan gwo touman.  Tankou komin Tigwav, zak piyaj yo te repete anpil sitou nan enstitisyon piblik yo, abitan yo nan Tigwav te mete gwo dife nan biwo pakè a. 

“Nou pral fè makèt, Ariel Henry ap peye pou nou”, Se ak slogan sa a pèp la te foule beton an , epi egzije demisyon Ariel Henry prese prese. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pi lwen, pwotestatè yo menase pou yo konvèti mouvman yo nan yon lòt nivo ” Nap rele mouvman kap vini an dechouke tèt Ariel” te deklare youn nan manifestan yo, selon sa yo di, si chèf primati a pèsiste kanpe devan yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.