Yon lòt tranblemanntè mayitid 6,4 frape Sid peyi Latiki

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon lòt tranblemanntè mayitid 6,4 frape sid peyi latiki

Alòske otorite yo toujou poko fini ofisyèlman rechèch yo depi 6 fevriye an, yon lòt tranblemanntè mayitid 6,4 frape Sid peyi Latiki jodi lendi an, prensipalman nan pwovens Hatay. 

Rejyon sa nan Sid peyi Latiki ki pami zòn ki te plis touche nan dènye tranblemanntè 6 fevriye an, frape yon lòt fwa ankò jodi lendi an, daprè sa ajans sekou lokal Afad rapòte. 

 

Daprè ajans lan, episant nouvo tranblemanntè sa ki pase a 20h04 jodi lendi an nan peyi Latiki, te twouve l nan lokalite Defne, ta pral souke egalman kèk rejyon nan peyi an, prensipalman Antakya ak Adana. 

 

Sekous yo nan nouvo tranblemanntè sa jodi 20 fevriye a lage atè yon seri batiman ki te andomaje aprè sa k te pase 6 fevriye an kote l pwovoke gwo panik kote popilasyon nan rejyon sa yo ki poko geri de dènye trajedi an. 

 

Daprè ajans sekou Afad, depi aprè tranblemanntè mayitid 7,8 sa ki te pase 6 fevriye an, peyi Latiki anrejistre plis pase 6,000 replik kote dènye bilan yo konnen genyen plis pase 41,000 moun ki pèdi lavi yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.