Yon milyon dola rekonpans pou tèt Vitelhomme

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon milyon dola rekonpans pou tèt vitelhomme
Depatman Deta Etazini mete disponib yon milyon dola ameriken kòm rekonpans pou tout moun ki gen enfòmasyon ki kapab ede netralize Vitelhomme Innocent, youn nan chèf gang k ap opere nan rejyon metwopolitèn lan.
Aprè dènye evènman yo ki enplike gwoup ame « Kraze Baryè », nan rejyon metwopolitèn lan, Depatman Deta ameriken renouvle detèminasyon l pou mete dèyè bawodiferan chèf gang k ap opere nan divès kwen nan peyi an.
Peyi Etazini fè konnen gen yon rekonpans ki rive jiska yon milyon dola ameriken pou tout moun ki gen bon jan enfòmasyon ki kapab kondi ak arestasyon oubyen netralizasyon chèf gang « Kraze Baryè » an, Vitelhomme Innocent.
Daprè Depatman Deta ameriken, Vitelhomme Innocent te kolabore ak gwoup gang « 400 Mawozo » nan anlèvman 17 misyonè etranje yo nan mwa oktòb 2021 kote yo te egzije gwo sòm lajan pou liberasyon moun sa yo.
Akote avi rechèch Lapolis nasyonal mete kont chèf gang lan, genyen egalman yon dosye ki devan lajistis nan peyi Etazini pou kesyon kidnapin misyonè etranje sa yo kote pifò nan yo te gen nasyonalite amerikèn.
Sa gen anviwon 2semèn, gwoup gang « Kraze Baryè » a k ap opere nan Tòsèl te enplike nan asasina 4 polisye nan Petyonvil avèk yon lòt ki disparèt nan kad yon atak yo te fè kont yon patwouy Lapolis nan Metivye.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.